Sant Vòt yo ouvri nan Jou Eleksyon an, soti 7 a.m. pou jiska 7 p.m. Nenpòt moun ki ta nan liy pou vote apati 7:00 p.m. apral gen posiblite pou depoze yon bilten nan bwat la.
Nan Sant Vòt kote w’ prale a, yo pral mande w’ bay yon kat idantite pa ekspire e ki gen foto w’ ladan ansanm ak tout siyati w. Y’ap aksepte nenpòt nan Kat Idantite ki gen foto sa yo:
- Lisans Kondwi Machin Florida oubyen yon Kat Idantite
- Paspò Ameriken
- Kat Debi oubyen Kat Kredi
- Kat Idantifikasyon Militè
- Kat Etidyan
- Kat Idantifikasyon nan Yon Sant Retrèt
- Kat Idantifikasyon Asosyasyon Vwazinaj
- Kat Idantifikasyon Asistans Piblik
- Kat Idantifikasyon Sante Veteran ke Depatman Afè Veteran ba w’
- Lisans pou w’ ka genyen yon zam kache sou ou oubyen yon zam ki ka tire ke yo ba w’ pou w’ idantifye w’ antanke yon aplwaye gouvènman an selon lwa 790.06 peyi a.
Si kat idantite ki gen foto w’ la pa gen siyati w’ tou, yo pral mande pou w’ bay yon lòt pyès idantite ki gen siyati w’ ladan. Si w’ bezwen èd pou w’ ka jwenn Kat Idantite w’ vote rele VoteRiders nan 844-338-8743.
Pou w’ ka jwenn sant vòt w’ a pou Jou Eleksyon an, chwazi vil kote w’ anrejistre pou w’ vote a: